Tèm Itilizasyon Aparèy Mobil la Ekzanp Kondisyon

Tèm Itilizasyon Aparèy Mobil la. Yo ap bay Elèv la dwa pou itilize aparèy òdinatè mobil la pandan li enskri nan Lekòl Leta Miami-Dade County, men pa pita pase fen ane lekòl aktyèl la. M-DCPS rezève dwa pou l tèmine Akò a nenpòt lè pou nenpòt rezon aprè li bay Paran an oubyen Elèv la avi (30) jou. Se Règ Komisyon Konsèy Lekòl 7540.03- “Student Responsible Use of Technology, Social Media, and District Network Systems” (Fason Reponsab pou Elèv Itilize Teknoloji, Medya Sosyal, ak Sistèm Rezo Distri a) (http://www.neola.com/miamidade-fl/) ki ap gouvène itilizasyon aparèy mobil sa a. Nou ap bay elèv la aparèy mobil la sèlman pou itilize pou rezon edikasyonèl e nenpòt sèvis nou estime ki pa konsistan avèk rezon sa a jan administratè lekòl yo oubyen anplwaye M-DCPS yo detèmine, oubyen ki an vyolasyon règ Komisyon Konsèy Lekòl yo, lwa Eta oubyen Federal yo, oubyen Seksyon 815 Law Florid entèdi ap konsidere yon vyolasyon Akò sa a, ki ap mande pou aparèy mobil la retounen imedyatman bay M-DCPS. Pati yo pap kreye oubyen bay yon tyès pèsòn oubyen antite okenn dwa oubyen obligasyon. M-DCPS espesifikman rejte tout garanti ki pa nan akò sa a.