KOUMAN POU FÈ TRANSFÈ APATMAN Ekzanp Kondisyon

KOUMAN POU FÈ TRANSFÈ APATMAN. Yon Lokatè kapab fè transfè soti nan yon Apatman ale nan yon lòt si li obseve egzijans ak pwosede règleman BHA yo. BHA gen otorizasyon pou li transfere yon Lokatè daprè kondisyon ki dekri nan Seksyon 7.H ki sou Kontra Lwaye a. Sa ka fèt swivan egzijans reglèman BHA a. Yap transfere Lokatè a nan yon Apatman ki menm gwosè a, ki koresponn ak kantite moun ki nan kay la, epi BHA ap fè lokatè a konnen lè gen yon Apatman ki disponib. Oswa, si Lokatè a oubyen nenpòt ki moun ki rete kay Lokatè a pa gen yon enfimite menm jan li dekri nan lalwa a, BHA gen otorizasyon pou li transfere Lokatè a nan yon Apatman ki ka pran tout moun, depi BHA bezwen Apatman Lokatè a genyen koulye a pou li kapab mete yon lòt Lokatè BHA ki gen yon enfimite nan yon Apatman ki rezonab menm jan li dekri nan lalwa a. Swivan reglèman BHA, BHA gen otorizasyon pou li transfere yon Lokatè nan yon lòt Apatman si BHA rekonèt transfè a nesesè pou pwoteje lasante ak sekirite Lokatè a, oswa si BHA soti pou li fèmen bilding oubyen Apatman kote Lokatè a rete.