KONDISYON POU AVI A Ekzanp Kondisyon

KONDISYON POU AVI A. KONDISYON POU TÈMINE LWAYE MANSYÈL AK TRIMÈSTRIYÈL YO: Yon pwopriyetè dwe bay lokatè yo yon minimòm swasant (60) jou avi alekri anvan yo mete fen nan yon lwaye rezidansyèl ki san yon dire espesifik kote yo tap peye lwaye a chak trimès oswa chak mwa (pa egzanp, moun ki pa gen yon kontra lokatif alekri). OGMANTE LWAYE A: Pwopriyetè rezidansyèl yo dwe bay lokatè yo yon minimòm swasant (60) jou avi alekri si pwopriyetè a ap pwopoze pou ogmante pousantaj lwaye a plis pase 5% swa nan fen kontra lokatif pou yon peryòd espesifik (pa egzanp, moun ki gen kontra lokatif alekri) oswa pandan yon peryòd lokatif ki san yon dire espesifik (pa egzanp, moun ki pa gen yon kontra lokatif alekri).AKSÈ A PWOPRIYETE A: Pwopriyetè yo ka antre nan lojman lokatif yo detanzantan pou yo fè enspeksyon, reparasyon, bay sèvis kòmsadwa tankou kontwòl ensèk nuizib, oswa montre achtè oswa lokatè potansyèl lojman lokatif la. Lokatè yo gen dwa pou resevwa avi rezonab, nan yon delè rezonab, sou aksè yon pwopriyetè bezwen pou antre nan lojman lokatif la pou fè reparasyon. "Avi ki rezonab" pou fè reparasyon se yon avi ki dwe soumèt omwen 24 èdtan anvan pwopriyetè a antre nan kay la, ak yon delè rezonab pou fè reparasyon an. Yon pwopriyetè ka antre nan yon lojman lokatif nenpòt ki lè pou l fè enspeksyon, reparasyon, bay sèvis kòmsadwa, oswa montre achtè oswa lokatè potansyèl lojman lokatif la, lè:1) Lokatè a bay konsantman l;2) Nan ka ijans;