KONDISYON KONTRA LWAYE A; KALKIL KI REFÈT CHAK ANE AK ANTRETAN Ekzanp Kondisyon

KONDISYON KONTRA LWAYE A; KALKIL KI REFÈT CHAK ANE AK ANTRETAN. Pou Lokatè ki nan kay leta sipòte, kondisyon kontra lwaye a kòmanse apatide dat ki ekri anwo a epi li kontinye jiskaske lwaye a fini swivan règleman Seksyon 9 Kontra Lwaye sa a. Pou Lokatè ki nan kay gouvènman federal sipòte, kondisyon kontra lwaye a kòmanse apatide dat ki ekri anwo a epi li kontinye pandan ennan (1 an). Kontra lwaye a ap renouvle otomatikman chak ane pou yon lòt peryòd ennan (1) ankò, depi Lokatè a obsève tout prensip yo, depi moun ki abite nan menm kay ak Lokatè a obsève tout prensip yo, ak tout sa "BHA's Community Service Policy and 42 U.S.C. 1437j(c)" [Règleman Sèvis Kominotè BHA ak Seksyon 42 U.S.C 1437j(c)] di yo. Si Lokatè a oswa nenpòt granmoun enganm ki rete nan kay Lokatè a pa fè aranjman pou yo respekte tout egzijans BHA yo pandan peryòd de tan sa a, epi swivan fason "BHA's Community Service Policy and 42 U.S.C. 1437j(c)" [Règleman Sèvis Kominotè BHA ak seksyon 42 U.S.C 1437j(c)] a di a, BHA pap renouvle Kontra Lwaye a, epi lap fè tout demach pou yo mete tout moun ki nan kay la deyò swivan kondisyon ki nan Paragraf 9E ki ekri anba a. Tout kondisyon ki make sou Kontra Lwaye a ki gen pou wè ak "BHA's Community Service Policy" [Règleman Sèvis Kominotè BHA] ki pat ko ofisyèl lè yo te siyen Kontra Lwaye a, kondisyon sa yo ap vin ofisyèl epi tout Moun ki siyen kontra a ap responsab yon fwa yo adopte "BHA's Community Service Policy" (Règleman Sèvis Kominotè BHA) a, epi trant jou apre BHA fin voye yon avi bay Lokatè a pou fè Lokatè a konnen yo adopte Règleman an epi kondisyon règleman yo ofisyèl.Swivan règleman BHA yo, se BHA kap rekalkile epi kap fè chanjman nan kantite lajan lwaye yon Lokatè sipoze peye pa mwa, epi tou BHA ap detèmine si gwosè apatman an bon pou Lokatè a, ak si Lokatè a toujou kapab benefisye kay leta, bagay sa a ap fèt omwen yon fwa chak ane. Pou yo kapab detèmine oswa fè chanjman sou lwaye a ak/oswa pou yo kapab bay Lokatè a yon apatman, oswa transfere yon Lokatè nan yon apatman ki ase gwo, Lokatè a fèt pou li dakò pou li voye yon deklarasyon ki siyen, ki konplè, ki pa gen manti ladann, epi ki korèk ansanm ak tout lòt enfòmasyon ki bay tout detay enpòtan sou salè tout moun nan kay Lokatè a fè, kote yap travay, ak konbyen moun ki nan kay la, bay BHA anvan trant (30) jou pase sou dat Lokatè a te fè demann nan. Met sou li, Lokatè a dakò tou pou li siyen dokiman ki bay BHA otorizasyon pou li devwale enfòmasyon sa yo bay lòt tyès pèsonn, swivan kondisyon lalwa Eta a ak/oswa kondisyon lalwa Federal egzije. Lokatè a dakò p...