Kisa ki “akomodasyon rezonab Ekzanp Kondisyon

Kisa ki “akomodasyon rezonab. Yon « akomodasyon rezonab” se yon modifikasyon oswa chanjman y ap fè yon travay k ap pèmèt veteran enfim la pou reyisi nan aplike pou travay la, fè travay yo, oswa patisipe nan avantaj ak privilèj anplwaman yo. Yon akomodasyon rezonab pa chanje fonksyon travay esansyèl yo. Epitou yon anplwayè dwe fè yon akomodasyon rezonab ki ta pèmèt yon veteran enfim k ap chèche yon travay kapasite a pou fè travay la. Se anplwayè ou ki kapab chawzi kalite akomodasyon rezonab la ke li pral fè disponib; sepandan, akomodasyon an dwe efikas. Pa egzanp, anplwayè a kapab chwazi pou mete yon ranp olyede yon asansè pou rezoud pwoblèm aksè yo. Yo gen plis enfòmasyon sou kijan pou mande pou yon akomodasyon rezonab epi li disponib nan sitwèb https://www.dol.gov/ofccp/posters/ ReasonableAccommodationPocketCard/index. htm.