Kijan mwen pote yon plent devan OFCCP Ekzanp Kondisyon

Kijan mwen pote yon plent devan OFCCP. Ou kapab pote yon plent diskriminasyon lè ou:• Ranpli ak soumèt yon fòmilè nan entènèt lan atravè sitwèb OFCCP a;• Ranpli yon fòmilè anpèsonn nan biwo OFCCP a; oswa• Lè ou ranpli ak voye yon fòmilè konplè pa lapòs, nan imèl, oswa nan faks bay biwo rejyonal OFCCP a kote diskriminasyon swadizan an te rive. Fòmilè a disponib nan entènèt nan sitwèb http://www.dol.gov/ofccp/regs/compliance/pdf/ pdfstart.htm ak nan fòma papye nan tout biwo OFCCP yo. Pi jwenn biwo a ki pi prè ou, ale nan anyè nan biwo OFCCP yo http://www.dol.gov/ ofccp/contacts/ofnation2.htm. Sonje byen pou siyen fòmilè plent konplè ou. Si ou echwe pou fè sa, OFCCP pral toujou treteplent ou men yon anketè OFCCP pral mande ou pou siyen fòmilè a pandan yon entèvyou swivi. Yo dwe pote plent yo k ap deklare diskriminasyon bazesou ras, koulè, relijyon, sèks, oryantasyon seksyèl, idantite sèks, oswa orijin nasyonal nan lespas180 jou yo depi dat diskriminasyon swadizan an, amwenske yo pwolonje peryòd la pou pote plent la poutèt rezon valab. Yo aplike menm peryòd 180-jou a bay plent sou diskriminasyon swadizan yo pou diskisyon, divilgasyon, oswa kesyon sou salè.