Ki objektif fòm sa a Ekzanp Kondisyon

Ki objektif fòm sa a. Lwa Eta ak lwa federal sou vi prive pwoteje itilizasyon ak kominikasyon enfòmasyon medikal ou. Dapre lwa sa yo, University of California oswa founisè swen sante ou pa kapab kominike enfòmasyon medikal ou pou fè rechèch sòf si ou bay otorizasyon ou. Yo pral kominike enfòmasyon ou yo ba ekip rechèch la ki gen ladan chèchè yo, moun Inivèsite a oswa esponnsò a anboche pou fè rechèch la ak moun ki gen otorite pou sipèvize rechèch la. Si ou deside pou bay otorizasyon ou ak pou ou patisipe nan etid la, ou dwe siyen fòm sa a ansanm ak Fòm Konsantman an. Fòm sa a dekri diferan fason UCSF Health kapab pataje enfòmasyon ou yo avèk chèchè a, ekip rechèch la, esponnsò a ak moun yo ki gen responsablite sipèvizyon. Ekip rechèch la pral itilize ak pwoteje enfòmasyon ou yo jan sa dekri nan Fòm Konsantman ki atache a. Men, depi UCSF Health fin kominike enfòmasyon medikal ou yo, enfòmasyon yo gen dwa pa pwoteje anba lwa sou vi prive yo epi yo ka pataje yo avèk lòt moun. Si ou gen kesyon, mande yon manm nan ekip rechèch la.