Ki dwa mwen genyen Ekzanp Kondisyon

Ki dwa mwen genyen. Ou gen dwa travay nan yon anviwònman ki san diskriminasyon, ki gen ladan asèlman, baze sou oryantasyon seksyèl oswa idantite sèks ou. Yo pa kapab anmède ou, transfere ou, peye ou mwens,refize ou travay, oswa trete ou otreman yon fason mwens favorab poutèt oryantasyon seksyèl oswa idantite sèks ou. Pami lòt bagay yo, kontraktè yo PA KAPAB:• Mande anplwaye oswa aplikan yo pou travay pou okenn enfòmasyon oswa idantifikasyon yo pa mande tout lòt anplwaye oswa aplikan yo pou travay, ki gen ladan enfòmasyon medikal ki gen rapò avèk idantite sèks yo;• Refize anplwaye ak aplikan yo pou travay chans la pou sèvi avèk sal twalèt yo ki konsistan avèk idantite sèks yo;• Anmède anplwaye ak aplikan yo pou travay poutèt oryantasyon seksyèl oswa idantite sèks yo;• Refize konjwen yo ki gen menm sèks ak legalman marye avantaj yo bay konjwen yo ki gen sèks opoze; oswa• Refize patnè yo ki gen menm sèks patisipe nan sendika sivil oswa patenarya domestikyo menm avantaj yo te bay patnè etewoseksyèl yo nan relasyon sa yo.