KANTITE LAJAN LWAYE A AK DAT POU PEYE LWAYE A Ekzanp Kondisyon

KANTITE LAJAN LWAYE A AK DAT POU PEYE LWAYE A. Lokatè a dakò pou li peye lwaye a $ davans chak mwa, le senk (5) oswa anvan dat sa a chak mwa apatide , 200 . Si Lokatè a rete nan kay la nan yon pati nan mwa a, menm si se okòmansman oswa alafen kontra lwaye a, BHA ap kontwole kantite lajan pou mwa sa a pa rapò ak kantite tan Lokatè a fè nan apatman an pandan mwa a. Lwaye sa a ap rete ofisyèl jiskaske li chanje swivan règleman BHA. BHA dakò pou li aksepte touche pou lwaye a san li pa konsidere okennn lòt lajan Lokatè a dwe BHA, epi BHA dakò pou li chèche solisyon legal pou li kolekte lòt lajan Lokatè a dwe. BHA dakò pou li aksepte touche lajan lwaye a chak mwa an de (2) pati si Lokatè a pwouve, davans epi pa ekri, li gen yon rezon valab ki fè li mande sa. Lokatè a dakò tout si BHA aksepte touche, sa pa vle di BHA ap abandone nenpòt reklamasyon BHA ta fè kont Lokatè a. BHA ap peye pou sèvis sa yo: Lokatè a ap peye pou sèvis sa yo: Lokatè yo ap peye yon ti kòb anplis chak mwa si yo sèvi ak gwo aparèy Lokatè yo konn mete pou tèt pa yo (pa egzanp machin pou seche rad, konjelatè) depi prensip ak règleman BHA yo pèmèt sa. Men kantite lajan Lokatè yo ap genyen pou yo peye pou gwo aparèy Lokatè yo konn genyen; si yo gen lòt gwo aparèy pou kay ankò, Lokatè yo ap gen pou yo peye yon ti kòb anplis toujou. Gwo Aparèy pou kay Kantite lajan pou Lokatè yo peye