Frè Bank Ekzanp Kondisyon

Frè Bank. Lis Frè Bank. Frè Bank ki asosye ak Kat ou an site nan Lis Frè a. Se nou ki enpoze epi kenbe frè sa yo. Anplis desa, lè ou fè yon retrè nan sèten ATM oswa tèminal POS, pwopriyetè a kapab fè ou peye ou yon “frè sèvis” oswa “frè sichaj” pou itilizasyon aparèy la. Si pwopriyetè a fè peye frè sa, yo pral avèti w montan frè a anvan ou fin fè tranzaksyon an epi ou ka anile tranzaksyon an anvan yo pran frè a. Peman Ou pou Frè yo. Ou dakò pou peye tout frè ki site nan Lis Frè a. Yo pral pran frè yo nan balans Kont ou lè gen frè ki rive. Ajans lan pa gen dwa fè ou peye okenn frè anrapò avèk Kat ou oswa Kont ou.