Fasilitasyon IEP Ekzanp Kondisyon

Fasilitasyon IEP. Anjeneral, sa ki endike anba la dekri pwosesis Fasilitasyon IEP a. Fasilitatè IEP a salye tout patisipan yo epi l mande chak patisipan pou li idantifye wòl li genyen nan reyinyon an (pa egzanp, paran an, prezidan an – reprezantan distri a, òtofonis k ap sèvi elèv la). Yo kreye yon pwogram avèk sijesyon tout patisipan yo bay epi yo idantifye rezilta yo vle jwenn nan avèk akò tout moun. Yo dakò sou prensip (règ) gwoup la (pa egzanp, kominike aklè; respekte pwendvi lòt yo). Yo afiche pwogram nan, rezilta yo vle jwenn nan ak prensip gwoup la yon fason pou tout moun kapab wè yo ap ale ladan yo pandan tout reyinyon an. Reyinyon an fèt avèk teknik fasilitasyon yo itilize tankou responsablite komen (tout moun ki nan reyinyon an jwe yon wòl aktif nan bay rezilta ki enteresan), yon atitid kolaborasyon (patisipan yo aji nan yon mannyè pou yo kolabore byen), planifikasyon estratejik (chwa yon pwosesis aksyon apwopriye pou reyalize rezilta yo vle jwenn yo) epi fasilite konpòtman yo (devlopman konpreyansyon ak akò pami patisipan yo). Yo kreye oswa revize yon IEP epi yo dakò sou yon plan-daksyon pou yo aplike IEP a. Finalman, patisipan yo revize kisa ki te gen siksè nan reyinyon an akòz Fasilitasyon IEP a ak sa yo kapab chanje pidevan.