Èske patwon m lan genyen pou l ban mwen aksè egal pou opòtinite nan anplwa ak nan devlòpman Ekzanp Kondisyon

Èske patwon m lan genyen pou l ban mwen aksè egal pou opòtinite nan anplwa ak nan devlòpman. Wi. Antreprenè yo dwe ba ou aksè egal pou opòtinite nan travay ak nan devlòpman. Yon antreprenè pa dwe etabli egzijans sa ki baze sou sèks, amwenske kontraktè an kapab montre ke se sèlman gason yo oubyen fanm yo ki kab satisfè egzijans an konsiderasyon sa yo. Anplis sa, yon antreprenè pa kab etabli egzijans k apafekte moun k ap aplike pou travay yo yon fason negative akòz sèks yo, amwenske egzijans sayo gen rapò ak travay lan oubyen yo nesesè. Antreprenè yo pa kab refize w jwenn fòmasyon, pozisyon nan travay, oubyen lòt opòtinite nan devlòpman ki kab ede w avanse ale nan pozisyon kote w kab touche plis kòb sou baz sèks ou.