Èske OFCCP pwoteje m kont arasman seksyèl anfas antreprenè yo Ekzanp Kondisyon

Èske OFCCP pwoteje m kont arasman seksyèl anfas antreprenè yo. Wi. Arasman seksyèl se yon fòm diskriminasyon seksyèl. OFCCP pwoteje w kont kozman seksyèl tankou avans yo kab fè w oubyen mande w pou favè seksyèl, remak ofansif ki gen rapò ak sèks, epi lòt kozman oubyen kondwit dezagreyab ki baze sousèks. Konpòtman sa yo anba entèdiksyon lè kontraktè an plase yo kòm kondisyon pou l anplwaye w; lè yon antreprenè itilize soumisyon w anfas kondisyon sa yo, oubyen lè w refize, kòm baz desizyon sa l ap pran pou l anplwaye w yo; oubyen lè konpòtman sa yo entèfereyon fason ki pa rezonab avèk randman w nan travay ou, oubyen yo kreye yon anviwònman travay ki entimidan, agresif oubyen ofansif.