Èske mwen ka anile otorizasyon mwen an Ekzanp Kondisyon

Èske mwen ka anile otorizasyon mwen an. Ou ka anile otorizasyon ou an nenpòt lè. Ou kapab fè sa nan de fason. Ou ka ekri chèchè a oswa ou ka mande yon moun nan ekip rechèch la pou yo ba ou yon fòm pou ou ranpli pou anile otorizasyon ou an. Si ou anile otorizasyon ou, ou pa kapab patisipe nan etid rechèch la ankò. Ou gen dwa vle mande yon moun nan ekip rechèch la si anilasyon an pral afekte tretman medikal ou. Si ou anile, yo ka kontinye itilize pou rezon limite enfòmasyon ki konsène ou ke yo te deja pran ak kominike. Epitou, si lalwa egzije sa, esponnsò a ak ajans leta yo ka kontinye konsilte dosye medikal ou yo pou egzamine kalite oswa sekirite etid la.