Èske mwen dwe bay otorizasyon m pou sèten itilizasyon byen presi Ekzanp Kondisyon

Èske mwen dwe bay otorizasyon m pou sèten itilizasyon byen presi. Wi.☐ Ekip rechèch la pral pran tou enfòmasyon yo ki soti nan dosye medikal ou ki make ak yon chèk. Yo pral kominike enfòmasyon ki annapre la yo sèlman si ou mete inisyal ou sou liy lan (sou liy yo) pou bay otorizasyon byen presi.☐ Mwen aksepte kominikasyon enfòmasyon anrapò ak dyagnostik oswa tretman pou abi dwòg ak alkòl. (inisyal)☐ Mwen aksepte kominikasyon enfòmasyon sou tès VIH/SIDA. (inisyal)☐ Mwen aksepte kominikasyon enfòmasyon sou tès jenetik. (inisyal)☐ Mwen aksepte kominikasyon enfòmasyon anrapò ak dyagnostik oswa tretman pou sante mantal. (inisyal)