Ekipman Pwoteksyon Ekzanp Kondisyon

Ekipman Pwoteksyon. • Anplis de ekipman pwotwksyon pèsonèl ki nesesè (PPE) jan yo egzije l pou kèk aktivite nan espas travay yo, Pati Responsab yo dwe genyen, fè oswa jwenn kouvèti vizaj akseptab epi bay anplwaye yo kouvèti sa yo san peye pandan yo nan travay. Pati Responsab yo ta dwe gen yon kantite kouvèti vizaj rezonab, mask ak lòt ekipman pwoteksyon pèsonèl (PPE) sou men pou si yon anplwaye ta bezwen ranplase oswa si yon vandè ta nan bezwen. Kouvèti vizaj ki akseptab yo gen ladan yo, men yo pa limite a sa sèlman, mask ki fèt ak twal yo (pa egzanp, sa yo koud lakay yo, sa yo koupe nan rad yo, foula), mask chirijik yo, respiratè N95 yo, ak mask pwoteksyon vizaj yo. • Kouvèti vizaj yo dwe pwòp oswa ranplase apre l fin itilize e li pa ka pataje. Tanpri konsilte konsiy CDC a pou plis enfòmasyon sou kouvèti vizaj an twal ak lòt tip ekipman pwoteksyon pèsonèl (PPE), ansanm ak enstriksyon sou itilizasyon ak pwòpte.o Note byen kouvèti vizaj ki fèt an twal oswa mask ki ka jete yo pa dwe konsidere kòm kouvèti vizaj akseptab pou aktivite espas travay ki egzije yon pi wo degre pwoteksyon pou egzijans kouvèti vizaj. Pa egzanp, si respiratè N95 yo egzije tradisyonèlman pou aktivite komès espesifik ki vann an gwo, yon mask ki fèt an twal oswa lakay pa ka sifi. Pati Responsab yo dwe respekte nòm OSHA yo pou ekipman sekirite konsa. • Pati Responsab yo dwe pèmèt anplwaye yo itilize kouvèti vizaj akseptab pa yo men yo pa ka egzije anplwaye yo bay pwòp kouvèti vizaj pa yo. Anplis, konsèy sa a p'ap anpeche anplwaye mete pwòp kouvèti pwoteksyon pa yo (egz: mask chirijikal, respiratè N95, oswa pwoteksyon vizaj), oswa si Pati Responsab yo egzije anplwaye yo mete plis pwoteksyon PPE akoz nati travay yo a. Anplwaye yo ta dwe konfòme ak tout nòm aplikab OSHA yo. • Pati Responsab yo dwe asire ke tout pèsonèl yo mete kouvèti vizaj tout tan. Pati Responsab yo dwe asire pratik ijyèn men ak itilizasyon baryè ak men lib ki konfòm ak Kòd Sanitè Etatik ak Lokal yo.o Si anplwaye yo mete gan pandan aktivite preparasyon manje yo, Pati Responsab yo dwe:▪ Asire anplwaye yo remete gan yo souvan; epi▪ Ankouraje anplwaye yo chanje gan yo lè y ap chanje travay (pa egzanp sèvi kliyan yo pou kouvè ki pliye).o Si anplwaye yo pa mete gan, Pati Responsab yo dwe asire anplwaye yo lave epi / oswa pase dezenfektan pou men souvan.▪ Pati Responsab yo dwe asire ke anplwaye k ap sèvi tab yo lave men yo ak savon ak dlo e, si y ap mete gan, ranplase gan yo, anvan ak apre yo netwaye epi dezenfekte tab yo.• Pati Responsab yo dwe pè...