Edikasyon Espesyal Angajman nan Edikasyon Enklizif Ekzanp Kondisyon

Edikasyon Espesyal Angajman nan Edikasyon Enklizif. Efase Seksyon 2 nan Atik V A a. epi ranplase avèk sa ki vini annapre a: Vizyon Yo founi enklizyon an totalman lè tout elèv yo resevwa edikasyon nan anviwònman ki gen mwens restriksyon an ak lè yo jwenn aksè ak kontinyòm sèvis ki konplè ki reponn ak bezwen envidyalize ak bezwen espesyal yo. Enklizyon an pa yon espas oswa yon pwogram. Tout salklas ki nan Lekòl Piblik Boston yo dwe enklizif. Pratik enklizyon an fè referans ak estrateji pedagojik ak estrateji konpòtmantal yo ki amelyore rezilta akademik ak rezilta sosyal emosyonèl yo pou tout elèv yo, ni sa ki gen andikap ni sa ki pa gen andikap, nan anviwònman edikasyon jeneral yo. Pati yo pran angajman pou yo ogamnte pratik enklizyon yo ak opòtinite pou tout elèv yo kèlkeswa nivo bezwen yo.Lwa sou Moun ki Gen Andikap (IDEA) yo egzije pou elèv ki gen andikap yo resevwa edikasyon nan anviwònman ki gen mwens restriksyon an avèk ansèyman ki fèt defason espesyal, gras ak sipò apwopriye ki nesesè pou yo aplike IEP a ak pou yo fè pwogrè ki efikas nan objektif IEP yo a, pa rapò ak sikonstans yo. Nou kwè ke tout elèv dwe se manm ki konplè epi ki aksepte nan komonite lekòl la epi plasman elèv ki gen andikap yo dwe dabò konsidere dwa pou yi resevwa edikasyon nan anviwònman edikasyon jeneral la ansanm avèk kanmarad yo ki jeneralman ap devlope yo. Edikasyon enklizif efikas la egzije yon nivo kolaborasyon ki elve nan mitan founisè edikasyon jeneral, edikasyon espesyal, founisè sèvis ki lye ansanm ak anplwaye sipò yo pou yo kapab aplike ak modelize yon kominote enklizyon. Tout elèv ki nan BPS se dabò yon elèv edikasyon jeneral. Nou pataje tou yon kwayans komen ke reyisit ak opòtinitr elèv nu yo se yon responsablite kolektif. Nou dakò tou pou n swiv tout atik, règleman, ak direktiv federal ak eta konsènan edikasyon espesyal la. Tranzisyon nan yon Distri EnklizifPou tout lekòl yo, BPS dakò pou l omwen mentni anplwaye sal enklizyon ki deja la yo ansanm ak rasyon gwosè klas la (ke yo kapab konsève nan CBA 2018-2021 an, règleman enklizyon 2018 la, oswa yon lòt akò oswa ansyen pratik yo etabli nan lekòl yo) jiskaske lè sa rive kote yo aplike nouvo konsepsyon klas enklizyon an. Anyen nan akò sa pa pral afekte modèl enklizyon aktyèl la nan Henderson School sof si ak jiskaske lè sa rive kote pati yo dakò sou yon nouvo klas enklizyon epi yo aplike yo nan lekòl sa a. Kòmantè Pwofesè a ● Reyinyon IEP yoo Y ap pran tout desizyon konsènan IEP yo atravè pwosesis ekip la konfòmeman ak lwa eta ak federal la. Tout manm nan inite negosiyasyo...