Distans Fizik Ekzanp Kondisyon

Distans Fizik. • Objektif konsiy sa, 'espas anplennè' defini kòm yon espas ouvè ki fèt pou konsomasyon manje ak / oswa bwason, ki ka genyen yon kouvèti tanporè oswa fiks (pa egzanp ovan oswa twati) depi kouvèti sa genyen omwen sis pye ak nenpòt ki tab, chèz, patwon, oswa sikui pou pyeton oswa koridò; men si yon ba oswa restoran ap chèche itilize espas piblik kotakot (pa egzanp twotwa) konfòmeman ak Dekrè Egzekitif 202.38, ki se minisipalite local la, si li otorize izaj sa, ka detèmine espas ant tab yo pa rapò ak sikui pou pyeton oswa koridò yo dapre yon konsiderasyon sou volim trafik pyeton sou twotwa yo, disponiblite espas twotwa a, epi evite konjesyon ki pa nesesè, oswa anmenm tan, minisipalite local la ka egzije ba oswa restoran an pou mete yon baryè fizik a omwen senk pye nan wotè si yo pa ka kenbe sis pye distans ant tab yo ak yon sikui pyeton oswa yon koridò.• Pati responsab yo dwe asire ke gen yon kapasite entèn ki ka pèmèt patwon yo ki ka bezwen antre oswa soti nan espas entèn nan pou gen aksè nan espas ekstèn nan, twalèt oswa plas pou peye a epi pèmèt aksè nan yon fason ki bay distans sosyal. o Pati Responsab yo dwe asire ke gen yon distans pou pi piti sis pye kenbe pami anplwaye yo tout tan, sof si sekirite aktivite prensipal la egzije yon distans ki pi kout (egz: manevre kès lajan, deplase ak leve machandiz). Kèlkeswa distans fizik la, Pati responsab yo dwe asire ke tout anplwaye yo mete yon kouvèdi vizaj ki akseptab tout tan. Patwon yo dwe mete kouvèti vizaj tout tan, sof pandan yo chita; depi patwon an depase laj de zan e li kapab tolere kouvèti sa sou plan medikal.o Kouvèti vizaj akseptab pou COVID-19 la yo se, men yo pa limite a sa sèlman, kouvèti vizaj ki fèt ak twal ak mask ki kouvri ni bouch ak nen an.o Men, kouvèti ki fèt an twal, ki ka jete, oswa lòt kouvèti vizaj ki fèt lakay yo pa kouvèti vizaj ki akseptab pou aktivite nan espas travay ki egzije yon nivo pwoteksyon ki pi wo pou ekipman pwoteksyon pèsonèl akoz nati travay la. Pou aktivite sa yo, respiratè N95 oswa lòt ekipman pou pwoteksyon pèsonèl (personal protective equipment, PPE) ke yo itilize dapre nòm endistri ki egziste yo ta dwe kontinye itilize, menm jan sa defini selon konsiy OSHA yo.• Pati responsab yo dwe asire ke kapasite anplennè a limite a kantite tab ki ka ranje nan fason ki sekirize epi apwopriye pou chak tab a yon sis pye pou pi piti youn ak lòt. • Pati ki responsab yo dwe asire ke tab anplennè ak chèz pou kliyan yo separe a sis pye pou pi piti nan tout direksyon. Kèlkeswa kote dis...