Disiplin Elèv Ekzanp Kondisyon

Disiplin Elèv. BDEA sètifye ak li rekonèt li adopte Kòd Konduit BPS yo an fonksyon de Akò sa a. Pati yo rekonèt ke BDEA ka adopte pwòp règleman pa l konsènan kondui elèv yo. Nenpòt règleman disiplin dwe devlope an tout konfòmite avèk lwa ak regilasyon federal ak leta, ansanm avèk M.G.L. c. 71, §§37H, 37H1/2 and 37H3/4. Anplis de sa, nenpòt règleman ki konsène konduit elèv dwe genyen langaj klè konsènan etap ak pwosesis nesesè pou fè sèten ke yo menm. BDEA dakò pou l soumèt bay BPS yon kopi final e apwouve sou règleman yo konsènan konduit elèv avan kòmansman chak ane lekòl. BPS ak BDEA pral devlope yon pwosesis pou fè sèten ke elèv yo mete deyò nan BDEA ki pral re-enskri nan BPS konfòm avèk fason BPS re-pran elèv yo mete deyò nan lòt lekòl BPS yo.