DETANTÈ KAT KI PA RESEVWA ETADKONT MANSYÈL KONT YO PA LAPÒS Ekzanp Kondisyon

DETANTÈ KAT KI PA RESEVWA ETADKONT MANSYÈL KONT YO PA LAPÒS. Aksè nan enfòmasyon sou Kont ou. Ou ka jwenn enfòmasyon sou montan lajan ou gen ki rete nan Kont ou si w rele nan 1.844.323.7637, 1.866.656.5913 TTY, oswa 423.262.1650 (pou apèl kòlèk, lè w ap rele andeyò Etazini). Enfòmasyon sa yo, ansanm ak yon istwa 60 jou tranzaksyon nan Kont ou disponib sou entènèt tou nan www.bankofamerica.com/nycsdebitcard. Ou gen dwa tou pou jwenn yon iswa 60 jou tranzaksyon Kont ou alekri si w rele nan 1.844.323.7637, 1.866.656.5913 TTY, oswa 423.262.1650 (pou apèl kòlèk, lè w ap rele andeyò Etazini), oswa si w ekri nou nan: Bank of America New York Child Support Debit Card Cardholder Services, P.O. Box 8488, Gray, Tennessee 37615- 8488. Egzamen Rapid Enfòmasyon Kont. Ou dakò pou egzaminen enfòmasyon Kont ou san pèdi tan ak pou avèti Sant Sèvis Kliyan Kat Debi Sipò Timoun New York nan adrès oswa nimewo telefòn ki anwo a touswit si nenpòt enfòmasyon nan Kont ou montre tranzaksyon ou pa te fè oswa ou pa te bay otorizasyon pou yo. Seksyon 9 ki anba a gen plis enfòmasyon presizeman sou diskisyon tranzaksyon, frè, oswa erè. DETANTÈ KAT KI RESEVWA ETADKONT MANSYÈL KONT YO PA LAPÒS Etadkont Mansyèl pou Kont Kat. N ap ba ou yon etadkont mansyèl pou Kont ou an pou chak mwa kote Kont ou an louvri. Etadkont lan ap gen ladan enfòmasyon sou tranzaksyon ou te fè, sou depo ou yo, frè ak ajisteman nan Kont ou. Egzamen Rapid Etadkont. Ou dakò san pèdi tan pou egzaminen etadkont mansyèl Kont ou an ak pou avèti Sant Sèvis Kliyan Kat Debi Sipò Timoun New York nan adrès oswa nimewo telefòn ki anwo a touswit si nenpòt etadkont montre tranzaksyon ou pa te fè oswa ou pa te bay otorizasyon pou yo. Seksyon 9 ki anba a gen plis enfòmasyon presizeman sou diskisyon tranzaksyon, frè, oswa erè ki parèt nan etadkont mansyèl Kont ou.