DEPO AK FRÈ Ekzanp Kondisyon

DEPO AK FRÈ. LAJAN DEPO POU GARANTI: Pwopriyetè yo oblije bay lokatè yo yon avi alekri sou fason oswa ki kote pwopriyetè a ap kenbe lajan avans pou lwaye a oswa lajan depo pou garanti yon lwaye. Lokatè yo gen dwa pou jwenn lajan depo pou garanti yo a bak nan 15 jou apre yo fin kite kay la nan fen kontra lwaye a si pwopriyetè a pa gen entansyon enpoze yon reklamasyon sou depo a. Si pwopriyetè a gen entansyonenpoze yon reklamasyon sou lajan depo pou garanti a (pa egzanp, lokatè a te domaje kay la), lè sa a pwopriyetè a gen 30 jou pou bay lokatè a avi alekri sou entansyon pwopriyetè a ke lap enpoze yon reklamasyon sou depo a ak pou ki rezon ke lap fè sa atravè lapòs sètifye nan dènye adrès postal lokatè a daprè Atik 83.49, Lwa Florid. LIS FRÈ LOKATÈ YO: Pwopriyetè yo oblije bay lokatè yo yon lis detaye sou tout frè potansyèl ke yon pwopriyetè ka mande yon lokatè pou peye an koneksyon avèk itilizasyon oswa okipasyon lojman lokatif la, eksepte lwaye, ki ka enkli, men san limite, frè peye anreta, frè bèt domestik, frè antretyen, frè pakin, frè fatra, ak frè ekipman. Lis Frè yap chaje Lokatè yo dwe enkli yon deskripsyon chak frè, kantite lajan yo ka chaje a, ak konbyen fwa yap chaje lokatè chak frè. ESTIMASYON FRÈ POU UTILITE PIBLIK: Lokatè yo ka jwenn estimasyon pri sèvis piblik yo nan men founisè sèvis yo pou yo ka konprann pri total yon lojman lokatif ka koute. Wap jwenn kòdone founisè sèvis itilite piblik yo nan seksyon "Resous" ki nan Avi sa a.