ATIK VIII Peman pandan Jou Konje Ekzanp Kondisyon

ATIK VIII Peman pandan Jou Konje. ● Nan pargraf A a., ajoute “Juneteenth”.● Retire paragraf A a. “Jou Kristòf Kolon epi ranplase l avèk “Jou Pèp Endijèn nan”.● Retire “Komite a pral akòde jiska de (2) jou san moun pa pèdi peman oswa konje pèsonèl pou obsèvasyon jou konje Mizilman, Eidul-Fitr ak Eidul-Adha, ak pou obsèvasyon Jou Konje Jwif, Rosh Hashana ak Yom Kippur pou moun ki pataje fwa sa yo epi ki fete fèt sa yo.”● Ajoute “Komite a pral akòde anplwaye ki obsève jou konje relijye ki tonbe pandan lekòl louvri yo jiska de (2) jou san moun pa pèdi peman oswa konje pèsonèl. Biwo Ekite a pral mentni yon lis ki gen jou konje relijye yo otomatikman apwouve yo. Ou kapab adrese demann konsènan lòt jou konje relijye sa yo bay Biwo Ekite a. Tout anplwaye ki prevwa plan yon jou konje konfòmeman ak dispozisyon sa nan kontra ap gen pou enfòme sipëvizè yo a ansanm ak Biwo Ekite a epi y ap idantifye selebrasyon an nan omwen dis jou lekòl alavans. Si selon nati selebrasyon an yo pa konnen dat egzat la sou dis jou lekòl alavans, anplwaye a pral gen pou l bay yo avi sou dat apwoksimatif la. Si jou konje a tonbe nan dis premye jou lekòl yo, anplwaye a pral gen pou l bay yon avi disi jou ki vini avan premye jou elèv la pa gen lekòl la.