Analiz Done yo Ekzanp Kondisyon

Analiz Done yo. Ki done ou te itilize pou analize kesyon/sijè a ? Èske li te dezagrege selon ras? Ki sa li te montre konsènan dekalaj nan popilasyon istorikman majinalize yo ? N/A
Analiz Done yo. Ki done ki te analize ? Èske yo te dezagrege (separe) selon ras ak selon lòt gwoup kle ? Ki sa yo te montre konsènan disparite yo ?Demann lekòl BDEA pou Renouvèlman an prezante divès done kalitatif e kantitatif solid sou tip de elèv nou sèvi, enskri, ak sou divès mezi « disiplinè », ansanm ak satisfaksyon pwofesè, elèv, ak fanmi. BDEA dezagrege (separe) done yo selon ras pou tout ane a. Done dezagrege yo (separe yo) montre ke nou sèvi elèv sila yo ke nou anba kontra pou n sèvi (elèv ki gen andikap, elèv k ap aprann angle, ak elèv ki gen fèb mwayen ekonomik). Nou te satisfè oswa depase enskripsyon elèv yo pandan premye de (2) ane kontra a (charter a). Ane skolè 2021 an, akoz pandemi a, enskripsyon nou te bese 46 elèv mwens pase sa nou te prevwa. Nan mentni yon to sispansyon 3%, nou arive depase atant yo (lòske n konpare sa a yon to 32% pou elèv nou yo avan ke yo te vin nan lekòl BDEA). Pandan ane skolè 2020 an elèv Edikasyon Espesyal nou yo ak Elèv k ap Aprann Angle nou yo te konplete divès kou selon yon to ki pi ba pase elèv edikasyon jeneral nou yo.4.Angajman Pati Enterese yoKilès ki te angaje (kantite, gwoup kle yo, ak wòl yo) ak kòman, e kisa sa te pwodui ? Ki sa elèv/fanmi ki sibi plis enpak pwopozisyon sa a/efò sa a te di ?Demann pou Renouvèlman lekòl BDEA la te ekri e sibi egzaminasyon avèk èd plizyè pati enterese, ki enkli Ekip Sipò pou Elèv yo, Ekip Lidèchip Ansèyman an, manm Jesyon Done yo ak manm Edikasyon Espesyal yo, ak Konsèy Administrasyon an (2 manm konsèy administrasyon an se paran elèv yo ye tou). Byenke yo pa t enplike dirèkteman nan ekri demann nan, elèv yo ak fanmi yo te bay dizon yo atravè sondaj « Youth Truth » la. Tout konsèy la te dakò apwouve demann nan. An jeneral, pati enterese nou yo te deklare ke lekòl BDEA ap byen sèvi divès bezwen sosyal emosyonèl elèv nou yo. Pati enterese nou yo te eksprime enkyetid yo genyen ke moun kapab mal konprann enpak modèl nou an akoz ke modèl nou an ki baze sou konpetans pa kapab demontre « siksè », jan sa defini atravè to obtansyon diplòm ak enskripsyon nan inivèsite (kolèj).5.Strateji Ekite RasyalSe kòman pwopozisyon sa a/efò sa a rezoud disparite yo (dekalaj yo) epi ogmante ekite rasyal ak lòt tip ekite ? Ki konsekans inatandi (enprevi) ki posib ? Ki strateji konplemantè k ap avanse ekite a pou l rive pi lwen ?Travay nou pou n devni yon enstitisyon anti rasis ankouraje sa n ap fè, e li se pwen fokal plan stratejik aktyèl nou an.● Katrevendisnèf pousan elèv nou yo se moun koulè yo ye.● De 2019 ji...