Amannman/Anilasyon Ekzanp Kondisyon

Amannman/Anilasyon. Amannman: Nenpòt kilè, nou ka chanje kondisyon jeneral yo nan Akò sa a, ankontan montan nenpòt frè. Nou ka ajoute nouvo kondisyon jeneral epi nou ka efase oswa chanje kondisyon jeneral ki deja egziste yo. Anjeneral, nou voye avi ba ou alavans pou yon chanjman ki pa anfavè ou. Men, si yon chanjman pa negatif pou ou, nou ka fè chanjman an nenpòt kilè san avètisman davans. Si ou pa dakò ak chanjman an, ou ka fèmen Kont ou an. Men, si ou kontinye sèvi ak Kont ou an oswa ou kenbe li ouvri, ou aksepte epi ou dakò ak chanjman an. Fèmti oswa Sispansyon nou fè pou Kont ou an. Nou ka fèmen oswa sispann Kont ou nenpòt kilè. Kat Ou an rete pwopriyete nou. Nou ka anile dwa pou ou sèvi ak Kat ou an nenpòt kilè. Depi Kont ou an fèmen, ou dakò pou w sispann sèvi avèk Kat ou an. Si nou fèmen Kont ou, si nou deside sa, nou ka aplike balans ki rete a nan yon nouvo kont pou avantaj ou. Si ou pa te depanse balans ki rete a anvan fèmti Kont lan, ou kapab kontakte Sant Sèvis Kliyan Kat Debi Sipò Timoun New York pou mande yon chèk pou balans ki rete a. Fèmti Kont ou an Oumenm. Si, nan moman ou fèmen Kont ou an, tout tranzaksyon yo fin pase epi pa gen balans ki rete, Kont ou an ap fèmen pou pa gen itilizasyon ankò. Si gen yon balans ki rete, ou ka itilize Kat ou an pou fè balans lan rive nan zewo anvan fèmti Kont ou an. Lòt chwa, ou ka kontakte Sant Sèvis Kliyan Kat Debi Sipò Timoun New York pou mande yon chèk pou balans ki rete nan Kont ou an. Ou byen konprann ou responsab pou balans negatif ki rive apre avi fèmti ou an nan menm mezi ak kondisyon ki prewva nan Akò sa a pou yon Kont ki louvri. Ou dakò detwi Kat ou an apre Kont ou an fèmen.