AKSYON ENTÈDI Ekzanp Kondisyon

AKSYON ENTÈDI. ENTÈRIPSYON NAN SÈVIS: Pwopriyetè yo pa kapab lakòz, dirèkteman oswa endirèkteman, revokasyon oswa entèripsyon okenn sèvis itilite piblik lokatè a tap resevwa, ki enkli, men san limite a, dlo, chofaj limyè, elektrisite, gaz, asansè, koleksyon fatra, oswa refrijerasyon, kwak se swa sèvis itilite piblik la anba kontwòl pwopriyetè a, oswa se li ki fè peman yo. AKSÈ A LOJMAN LOKATIF LA: Pwopriyetè yo pa ka anpeche lokatè yo jwenn aksè rezonab a lojman lokatif la nan kèlkeswa mwayen an, ki enkli, men san limite a, chanje kadna, oswa itilize yon aparèy pou bloke pòt la. LIBERTE KONT KONPÒTMAN REPREZAY:Pwopriyetè yo pa gen dwa pou ogmante lwaye yon lokatè oswa diminye sèvis yo ofri yon lokatè oswa entante oswa menase pou entante yon aksyon pou posesyon oswa yon lòt aksyon sivil, prensipalman paske pwopriyetè a ap tire revanj kont lokatè a. Egzanp kondwit kote pwopriyetè a pa ka tire revanj yo enkli, men san limite a, sitiyasyon kote lokatè a te pote plent nan Komin nan pou fè respekte kòd yon bilding, kay, oswa kòd sante oswa egzèse dwa lokatè a daprè lwa lokal, lwa eta a, oswa federal sou lojman ekitab.