Avi konsènan Pèt, Domaj, oubyen Move Fonksyònman Ekzanp Kondisyon

Avi konsènan Pèt, Domaj, oubyen Move Fonksyònman. Elèv ak Paran dakò pou yo imedyatman avize anplwaye lekòl la deziye a lè gen yon pèt, domaj, oubyen move fonksyònman nenpòt pati aparèy mobil la pou kèlkeswa rezon an. Si yo vòlè aparèy la andeyò teren/anplasman lekòl la, paran an dwe kontakte depatman polis minisipal apwopriye nan Konte a, ranpli yon rapò polis e bay anplwaye lekòl la deziye a yon kopi rapò polis la.